Ip Transition : Making the Switch (Creole)

Tranzisyon EP (entènèt pwotokὸl): Fè Chanjman an

Pwochen evolisyon sou kominikasyon

Ip Transition : Making the Switch (Creole)

Publication Series

Download File

PDF files may contain outdated links.

Ip Transition : Making the Switch (Creole)
File Name: IPTrans_brochure_Creole.pdf
File Size: 0.17MB

Availability

  • Web Version Only

Languages Available

Table of Contents

entwodiksyon

Depi kreyasyon telefὸn, endistri telekominikasyon ap amelyore ak avanse souvan fason nou konekte yonn ak lὸt. Soti nan telegraf pou antre nan liy telefὸn, pou long distans bon mache, pou teknoloji modèn san fil.

Nan dènye ane sa yo, anpil moun pa sèvi ak sèvis telefὸn tradysyonèl ankὸ ki fè nou kite rezo telefὸn tradysyonèl nan pou yon nouvo sistèm san fil, oubyen yon sistèm entènèt ki gen baz ki ka itilize menm koneksyon ke nou itilize pou sèvis Entènèt e ki pèmèt nou fè apèl, voye mesaj, gade videyo sou entènèt ak chèche enfὸmasyon sou entènèt.

Anfèt depi lane 2000, plis ke de tyè Ameriken deja adopte nouvo sistèm koneksyon sa yo; tout pwogrè sa yo vin ouvwi pὸt pou amelyore kalite sèvis la osi byen ke kapasite pou agrandisman ak disponibilite.

Pou ki sa ou ta dwe okouran de evolisyon sa a? Yo prevwa nan tan kap vini la tout Ameriken pral itilize nouvo rezo telefὸn. AT&T espere ke tout klyan’l yo ap fè tranzisyon sa-a anvan lane 2020. Kit ou deja fè chanjman pou “Entenet Pwotokol” oswa ou pral fèl pi devan, li enpὸtan pou konnen tout opsyon ke ou genyen pou ka fè chwa ki pi bon pou ou ak fanmiy w.

Ki Sa Sèvis Telefòn ki baze sou Entènet Pwotokòl Ye?

“Entènèt Pwotokòl,” oswa EP, se langaj rezo kominikasyon ki fasilite koneksyon apèl telefonik (vwa), tèks ak mesaj elektwonik ak videyo sou memm rezo ki parèy a sèvis ke anpil mounn resevwa nan smartphone yo ak aparèy san fil. Vwa sou Entènet Pwotokòl (VsEP), kèlke swa jan-w itilize’l pou telefòn lakay-ou, telefòn biznis oswa aparèy pòtatif ou, itilize Entènet Pwotokòl pou voye vwa-w sou Kwiv, kab, fib optic oswa rezo done san fil olyede tradisyonèl “Transfe Rezo Telefon Piblik” (RPTT). Ou ka jwenn aksè VsEP lè ou sèvi ak anpil aparèy diferan ki enkli menm telefòn tradisyonèl a “fil-la.”

Pandan ke ou ka pa abitye ak teknoloji EP oswa VsEP, ou ka rekonèt sèvis tankou U-verse Voice, FiOS Digital Voice, Vonage oswa Skype ki se egzanp sèvis VsEP. Anplis sa, ou kap byen abitye ak sèvis global ak “twa pwogram” (pakèt) ke operatè kab lokal yo ofri. Eleman ak vwa pakèt sa yo se sèvis VsEP ki itilize koneksyon menm jan ak kab-ou ak entènèt a vitès wo pou pèmèt ou fè ak resevwa apèl. Gen kèk klian nan sèvis VsEP ki chwazi pou fè ak resevwa apèl atravè ὸdinatè ( pafwa yo itilize yon wèbcam pou yo kab wè moun-nan ke yo ap pale-a), men, prèske ak tout sèvis ou ka kontinye itilize menm telefòn yo ke ou itilize kounye-a.

Avantaj

Menm jan sèvis dijital kab televizyon ap elaji chwa pwogram konsomatè yo e amelyore eksperyans pwogram televizyon yo anpil, sèvis vwa ki baze sou “EP” bay anpil avantaj sou sak kap delivre sou ansyen rezo a kwiv yo:

  • Vitès ak bon kalite (transmisyon rapid ak vwa-yo pi klè)
  • Asirans (enfrastrikti pi nèf)
  • Ekspansyon vwa ak kapasite entènèt (apèl videyografi, apèl filtre, transfè mesaj, “pa deranje” e plis)
  • Ekspansyon aksè sou riban manyetik sèvis entènèt, pandan ke yap konstwi rezo ki pi avanse pou sèvi plis kliyan
  • Ogmante opsyon pou sèvis telefòn pandan ke konpetitè yo ka ofri ou sèvis
  • A pri redwi (anpil VsEP sèvis enkli apèl domestik long distans gratis san limit ak apèl entènasyonal a to redwi)

Fè chanjman-an

Chanjman sèvis telefòn ansyen ak tradisyonèl pou rezo ki pi nouvo ap apwoche a travè peyi-a plis ke de tyè nan U.S. Konsomatè yo gentan fè chwa yo pou yo adopte sèvis ki baze sou Entènèt Pwotokὸl ki delivre apèl ak pi bon kalite, plis fason pou kominike ak aksè a entènet rapid. Anpil lekòl, òganizasyon swen sante ak lòt ajans piblik yo gentan fè chanjman tou.

Denyèman, biwo Federal Communications Commissions kontakte konpayi telekominikasyon yo pou mande yo pou soumèt pwopozisyon yo pou kondwi yon eseyaj nan kominote ke yo chwazi pou yo komanse resevwa sèvis.

Konsomatè nan areya sa yo ap resevwa enfòmasyon ak asistans ke yo bezwen pou yo kapab pran desizyon ki mye pou yo sou chwa sèvis telefòn yo. Konpayi telefòn kap patisipe yo sipoze kòmanse lansman eseyaj pou chanjman Entènèt Pwotokòl yo an 2015. Konpayi yo ansanm ak biwo Federal Communications Commissions pral siveye eseyaj yo ak anpil atansyon pou yo ka rezoud nenpòt pwoblèm ki kapab genyen epi pou yo aprann plis ke posib sou pwosè chanjman.Yo pral pataje tout rezilta avèk lòt eta e otorite federal konsa yo kapab itilize leson ke yo aprann pou ede tout konsomatè yo e asire yon migrasyon osi rapid e fasil ke posib a teknoloji baze sou Entènèt Pwotokòl pou tout lòt moun nan peyi-ya ( menm jan ak chanjman televizyon dijital ki te bezwen menm eseyaj sa tou).

Si ou toujou ap resevwa sèvis telefòn lakay-ou sou rezo telefòn tradisyonèl yo, kounye ya se tan pou prepare tèt ou pou evolisyon-an ak konprann opsyon-w yo. Kontakte founisè tankou konpayi Kab-ou, founisè sèvis entènèt-ou oswa Konpayi telefòn aktyèl-ou, ki ta ka AT&T (Entènèt Pwotokòl sèvis li rele U-verse Voice), Verizon (FiOS Digital Voice) oswa yon lòt konpayi telefòn pou ranmase enfòmasyon. Pandan ke wap konpare pri, anplis ransèyman sou plan sèvis ak pri, poze yo kesyon sou bagay tankou:

  • Aksè 911 ak opsyon pou batri ranplasman pou lè pagen kouran
  • Nimewo pòtatif (transfere nimewo telefòn aktyel-ou sou nouvo sèvis la)
  • Konpatibilite avèk systèm alam lakayou, sèvis “ eta dalet” pou granmoun aje, TDD/TTY machinn (aparèy telekominikasyon pou moun ki soud, avèg oswa moun ki pa tande byen) ak machinn fax
  • Kondisyon aparèy Telefὸn
  • Kounye-a ou gen posiblite pou retounen genyen sistèm telefὸn tradysyonèl kite la avan; Gen yon tan kap rive konpayi pap ofwi sistèm sa ankὸ.

Si ou vle ou ka toujou kenbe ansyen telefὸn ak fax machin-w, men ou dwe verifye ak konpayi ki ofri ou sèvis telefὸn nan. Aparey ki pi nèf ka ede ou pran avantaj sou ekipman avanse ke Entènèt Pwotokὸl baz sèvis telefòn ofri. Tankou rezolisyonwo, vwa-w vinn pi klè nan telefὸn; yon chanjman ki enpὸtan espesyalman pou moun ki pa tande byen.

Gen kèk bagay ou dwe konnen avan ou fè chanjman pou sèvis entènèt pwotokὸl (VoIP).

Lè ou fè apèl dijans (911). Lè ou kὸmanse resevwa sèvis entènèt pwotokὸl (VsEP), ouap gen bezwen anregistre adrès lakay-w ou byen konpayi ki ofri ou sèvis la ka fè li pou ou. Sa ap asire ke reprezantan sèvis ijans yo jwen adrès ou lè ou rele nan kay-w. Tcheke ak konpayi ki ofwi ou sèvis la pou asire ke ou gen bon enfὸmasyon sou pwosesis sa-a.

Pri. Pri aktyèl pou fè chanjman sa-a ap depann sou rezon sa yo: ki konpayi ou genyen ak ki plan ou chwazi, ki ekipman wap gen bezwen avèk ὸf espesyal konpayi a ofri. Konpayi a chaje-w yon fwa pou yon nouvo telefὸn ak enstalasyon. Gen depans kap parèt nan deklarasyon mansyèl wap resevwa. Pa egzanp, plan ou ka vinn genyen yon diferan pri ke lè ou te kὸmanse sèvis ak konpayi an ou byen ou ka fè apèl long distans nan diferan eta san peye.

Patisipasyon nan eseyaj yo. Konpayi sèvis telefὸn ou genyen an ap enfὸme-w si gen eseyaj kap fèt nan zὸn ou rete a. Se pa tout sèvis telefὸn kap fè eseyaj sa a.Si konpayi sèvis telefὸn ou an ap fè eseyaj sa a, wap resevwa enfὸmasyon espesifik sou lakὸz eseyaj la avèk tout sèvis opsyon ou genyen nan konpayi telefὸn ou. Pandan premye faz la, eseyaj yo ap fèt sou volontè; men ou bezwen travay ak konpayi ki baw sèvis telefὸn la pou konprann kouman eseyaj la ap pwogrese avèk tan.

Konpayi sèvis telefὸn ap kontinye fè chanjman eseyaj sou Entènèt Pwotokὸl pandan tout tan ke yap travay pou soumèt pwopozisyon avèk Federal Communications Commissionn (FCC). FCC ap travay pou asire ke ou gen bon sèvis pandan tranzisyon sa-a epi FCC ap resevwa avi sou pwogrè eseyaj la.

Èske ou vle aprann plis?

KFCC se ajans federal ki kontwole sistèm telekominikasyon ak sèvis nan Etazini. Pou aprann plis sou Entènèt Pwotokὸl (EP) vizite sit entènèt sa-a:

  • www.fcc.gov/guides/ip-transition

Si wap viv nan vil Carbon Hill, AL oswa West Delray Beach, FL epi AT&T te anonse ke wap patisipe nan eseyaj sa-a, ou ka jwen plis enfὸmasyon sou sit sa yo:

  • http://ip4CarbonHill.att.com or
  • http://ip4WestDelrayBeach.att.com

Consumer Action, yon ὸganizasyon non komèsyal nan tout Etazini an ki la pou fè edikasyon ak defans, pou ede konsomatè yo konprann tranzisyon IP ak fè bon chwa sèvis. Ou ka jwenn plis enfὸmasyon nan sit sa a NewPhoneNetwork.org.

Published / Reviewed Date

Published: December 07, 2015

Download File

Ip Transition : Making the Switch (Creole)
File Name: IPTrans_brochure_Creole.pdf
File Size: 0.17MB

Sponsors

AT&T

Filed Under

Telecom   ♦  

Copyright

© 2015 –2024 Consumer Action. Rights Reserved.

 

Tags/Keywords

 
 

Quick Menu

Facebook FTwitter T